View Lyrics: MIZIK SA Modal close icon

Viewing lyrics for MIZIK SA by frankitoEleven.

MIZIK SA
Intro
Mizik sa
Se maryaj son ak amoni
Mizik sa
Yon melanj bel pawol ak bel melodi
Mizik sa
Se yon remed yon terapi
Mizik sa
Trankilizan pou kalme lespri

Refren
Mizik sa
Se lavi’m se lavi’m
Mizik sa
Se nan li m pran plezi’m
Mizik sa
Li se pi bon zanmi’m
Mizik sa
Mwen toutan vle chante’l
Anpil lot vle tande’l
Pou lavi li chanje, jan’l siye dlo nan je
Tout radyo anvi jwe’l
Tout DJ vle pase’l
Mizik sa

Mwen pran plezi’m, pran san’m pou’m pale’w de li
Mwen santi’m fyè pou jan lem tande’l li fem rejwi
Mwen ranontre’l sanzatann yon jou sou chimen lavi
M pat janm ka imajine kote’m tap rive ak li
Mwen monte, mwen desann li pap lkite’m li toujou la
Mwen vire, mwen tounen, tout pozisyon’l pa janm pala
Menm le lavi a sou foke li ta vle pati ave’m
Li konsole’m ak tout respe paskel se pi bon patne ‘m

Bridge
Le kem kontan li toujou prezan
Paske ave’l mwen montre santiman
Mwen menm avel nou panse menm jan
Nou se melodi ak tout enstriman

2
Anverite m pa janm gentan poum nan fe bagay ki dwol
Mizik sa pran tanm net toutan map cheche pawol
Pou’l enspire chak jou li pa janm manke
Paske ave’l anyen nan vi mwen pa janm konplike
Nan lespri’m pa janm gen plas pou okenn move lide
Nan reflechi tet mwen chaje li toujou kendbe’m okipe
Si wap tande ou ka di mwen fou mwen pap pè di’w ke mwen damou
Depi se m-i-z-i-k mwen prêt pou’m distre’m joouk li jou

Se gras a li mwen gen fanatik,
Se avek li mwen ka fe piblik
Mwen pa pre pou’m abandone’l
Menm si’m pa chante’l map fredone’l

Tankou yon boulet mawon ki vin frape mwen sanzatann
konsa mizik sa travesem bouskilem jous nan nanm
san pas pouki san koulè l pa respekte pè pap
rele'l classic R&B Jazz gospel raggae hip-hop
li san patri li san fanmi li san zanmi l rele mizik
li fe moun fou, li fe moun sou, l fe moun damou
yon bon flo sou yon bon beat ak li mwen pare pou'm fè hit
tout moun ret ap tann li soti nan tout jounal li fe gwo tit!

Close