View Lyrics: Se Pa Lè'm Fin Mouri - FEARLESS Modal close icon

Viewing lyrics for Se Pa Lè'm Fin Mouri - FEARLESS by FEARLESS Rap from Delmas 6-0.

Se Pale'm Fin Mouri - FEARLESS Feat Ralph Balmir, 35

Intro

Wech
FEARLESSSSSS

Ralph Balmir
yeah! ils savent qui on est mais ils ne veulent pas l'dire

35
Des vrais

Ralph B.
Ralph Balmirrrr, trannnnsennnnnnk, Feeeeearrrrrleeeeesssss they know what we do now, FeeeeaaarrrrrLeeeesssss

Verse I (Flé-O) a.k.a MISTER FLOW
1986 se ane mwen fè aparisyon nan konba lavi,trajedi
sa map viv, en echèk kòm anblèm nan sosyete bò isi
jiskaskem reyalize, nan memwa yo mizik nou grave
pou moun ki oprime si jodia'w wèm pa egziste
pa vin fè wè ou deprime
se pa lèm fin mouri pou onore mwen atò, tou dabò
depi solèy la leve l'gen plis valè kon trezò
se pi devan'l pral kouche sak fèm atann ak lanmò
tankou son reglemand kont pa kont lè lap pase
depi souf la koupe fè yon vwayaj dadye
ou pa bezwen ap kriye
paske kounya m initil
fè biografi an de paj pou rakonte janm itil
lèm tap viv pou yo m pat inpotan
disparèt a prezan
ke volonte bandye fèt
esi sè le ka nan paradi m pral fè fèt

Chorus (Ralph B.)
Pa kite'm fin tonbe pou banm respè fanmi
pa tann lèm fin mouri pou di ta banm grammy
c'est vrai negro qu'on vient du getho (Blè)
c'est vrai que la réalité nous blo
dit qu'j'suis pas on Top, tu sais qu'c'est faux
Delmas six Zéro, on tape le même numéro
c'est pour les cités (Blè)
c'est pour les Banlieux (Blè)
Delmas six Zéro what we gonna do now

Verse II (Wech O.B) a.k.a LAMB
Lavi pa yon jwèt
men isiba yo pran'l kou maryonét
li se sak pi enportan
sa vle di prezans nou chak ki la trop pou mond lan
nan kè yo m'te konn pote lajwa lespwa
anplis ba yo limyé fè yo sot nan fè nwa
sam merite ya ban mwen'li devanm
paske lèm mouri m'enkonsyan
nèg pa se pa kounya
pou wap ti nonm sa
ak mizik la li tap konstwi yon mond senpa
kounyam dan lodela
sa glwa sa pap itil mwen anyen
poukisa lèm te anvi ou pat konn tretem trè byen
men poutan èv mwen se tankou penk konn fèw byen
sam te konn pwodwi c'tais paraizyak
fòw santi wap viv men kounya m pap kou 2 pak
but wech O.B après ma mart faut pas qu' tu crie
mais si la vie est faite
saches que la mort est naitre
honore'm nan vivan

Chorus (Ralph B.)
Pa kite'm fin tonbe pou banm respè fanmi
pa tann lèm fin mouri pou di ta banm grammy
c'est vrai negro qu'on vient du getho (Blaw)
c'est vrai que la réalité nous blo
dit qu'j'suis pas on Top, tu sais qu'c'est faux
Delmas six Zéro, on tape le même numéro
c'est pour les cités (Blaw)
c'est pour les Banlieux (Blaw)
Delmas six Zéro what we gonna do now

Verse III (Young P) a.k.a DEMON NAN MIC
mwen vin pou'm medite'l ak rezon
pa yon revelasyon tankou yon misyon an plis se pasyon
son reyalite kap toujou make nan vim
menm lèm pap viv lap toujou gen yon gwo plas nan kèm
frèm, sa son fat sikatris
kap toujou rete sou pom menm lè dèfwa'l fèm tris
Rest in Peace pou tout m.C kale
nan memwa nou yap toujou rete grave
mwen pap janm bliye anpil moun trepase
san avèti mwen yo ale pa bliye
se pa lèm fin mouri pou nap pale de mwen
pou nap di sam teye
pou nap di nèg sa nou te dwe pranl ak gwo swen (nego What)

Verse IV (Laday) a.k.a NEG SOLEY LEVE
Koz sa se mistè lanmò
devan la vi lap toujou rete pifò
si jodia m pran direksyon pou yon lòt vi
se afronte m tap afronte obstak pa bò isi
san konprann jou pam nan gen poul rive
mon voyage pour l'eternité
tande yon kri ki vin swetem rest in peace
avèk yon song ki se please
se kounya mwen konprann sa yo rele sakrifis
men domaj isiba se lè kòw alonje
valè byen'w fè glorifye
se pandan'l ap viv pou bali tout repè
poul pa mouri ak regrè
apre sa ou ka di que la terre lui soit legère
pou nanm li ka anpè pè pè

Chorus (Ralph B.)
Pa kite'm fin tonbe pou banm respè fanmi
pa tann lèm fin mouri pou di ta banm grammy
c'est vrai negro qu'on vient du getho (Blaw)
c'est vrai que la réalité nous blo
dit qu'j'suis pas on Top, tu sais qu'c'est faux
Delmas six Zéro, on tape le même numéro
c'est pour les cités (Blaw)
c'est pour les Banlieux (Blaw)
Delmas six Zéro what we gonna do now

Outro 35...

Close