View Lyrics: Tann Modal close icon

Viewing lyrics for Tann by Miu Haiti.

Tann by MIU

-I-
Tann se tann mwen chita m’ap tann
Li vire je l’ gade nan direksyon m’
Malgre tout sa mwen fe pou m’atir’atasyon l’
Je l’ pase sou mwen kom si mwen pat ekziste
Tann ses tann mwen rete map tann
Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l’
Mwen fe ti touse, mwen baye, m’respire fo
Se pa pou li sa, l’pa tande m’, pa we m’

Chorus
Kisa mwen fe ki fe li paka we m’
Kisa pou m’ fe pou l’ ka pans eave m’
Mwen pa sipote endiferans won flech
Kwe mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m’

-II-
Mwen ki te panse, mwen te ilimite
Ou se limit mwen ou fem renonse
Se pa yon bagay fasil pou aksepte
Si m’ koute kole m’ m’ap tounnen on danje
Lo mwen ap gade ou je ou lot kote
Lo m’ vire m’ santi je ou dan do m’ kou dife
M’pa fouti konprann, m’ta renmen w’eksplike m’
Ki barye kif e ou paka aksepte m’

-Bridge-
Mwen eseye tout sa ki ta posib
Mwen te panse mwen te yon fanm ki lib
Men ou kraze libete m’
Ou mache sou lachte m’
San pitye, san pitye, san pitye
Lo ou cheche ou twouve
Se say o di
Cheche ou toupatou
Lannwit kou douvanjou
Mwen pa janmen twouve ou
Pa tanmen trape ou
Ou kache m’pa konn kote ou sere

{Repeat Chorus}

Tann se tann mwen chita m’ap tann
Li vire je l’ gade nan direksyon m’
Malgre tout sa mwen fe pou m’atir’atasyon l’
Je l’ pase sou mwen kom si mwen pat ekziste
Tann ses tann mwen rete map tann
Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l’
Mwen fe ti touse, mwen baye, m’respire fo
Se pa pou li sa, l’pa tande m’, pa we m’

{Outro}
Tann se tann mwen chita m’ap tann
M’ap tann, m’ap tann
M’ap tann ou, m’ap tann ou
M’ap tann ou
Oh-oh-oh oooooooooooooh

Close