View Lyrics: Vann Mwen Yon Senateur (SQUADY) Modal close icon

Viewing lyrics for Vann Mwen Yon Senateur (SQUADY) by FAMILY SENCI INTELLIGENCE - (Haiti Rap Creole Music) C-PROJECTS.

VANN MWEN YON SENATEUR

INTRO:

m'vin acheté!!!

sa'w vlé?

Yon ti Palmantè

Ki jan ou ap pran yo?

Tale: banm 6 Senatè ak 5 Dépité

Sèlman sa?

Banm ti sa'k kout la ak lòt ti piti k'renmen palé anpil la
____________________________________________

COUPLET 1
SQUADY

Si'n té gen Honneur sé Lontan
Préché la Bible tout sa'w ap jwenn s'on vouzan (VOUZAN!!!)
Nan blòk pa'm ti fi yo gròs a 12 zan
Saridon pi difisil pou'w jwenn ké grenn Avòtman

Rakèt ap pran dann, Konésans ap pran ban
Paran ap priyé fò pou pitit jwenn ak yon blan
Rapè kont Animatè, Doktè kont Médsen Fèy
sé beef a goch beef a dwat, nou fout gen twòp ògey

Mèt Ponp Finèb kontan lè moun mouri pou'l fè la vant
Nou trò kontan lè'n vlé vann, konfonn santiman ak wont
Anj, Janvyé 2010 nou té pran 12 nan dada'n
Chak fwa n'vlé manifésté yo fout ban'n 12 nan dada'n

Lè sé pa pwoblèm éléksyon, sé Palmantè kont Tèt Kalé
Yo chita ap goumen, pandan fièrté'n ap désann Nèt Alé
L'éta sé deal, m'ka die men m'pap pè di'l
Haiti tounen yon shòp, politik tounen yon jòb si'w gen kòb ou ka just di VANN MWEN
_________________________________________________________

HOOK
CHORAL

Vann mwen
3 Dépité k'chita k'ap radoté
Vann mwen
3 Sénatè pou lwa'm yo ka Voté
Vann mwen
3 boss Minist pou lajan'm yo antré
Vann mwen
3 Majistra, 3 Polisyé, nou gen twop pwoblèm
woy, woy, pwoblèm nan peyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
woy, woy, pwoblem nan Péyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
________________________________________________________

COUPLET 2
SQUADY

Nou tout vlé rivé men nou pa janm aprann kouri
N'ap tann Jézi délivre'n men nou pa janm aprann soufri
ret jé nan jé, n'ap trip pandan paran ap rann souf li
kounya n's'on dal san sousi, sousyé de snickers!!!! sèlman

Nou fin limen balèn, aprè nou poté van pou yo étèn
kot klan nou yo, n'détèn sou jèn, sou jé'n la y'ap fè'n kwè
ké koléra sa sinp, pandan yo kolé la y'ap pimp
Fanm nou yo ban nou dlo, yo vann nou koléra, kot OEA?

Clinton té di nou pra'l dòmi an paix, so kot zòryé a
12 nou pran tranbléman de Tèr, yo kot jé'w yé la?
Eské nou produi za'm (non), èské n'fè kokaiin (non)
Koman nèg ghetto toujou posté ak gro galil

Pa mandé'm kiyès ki ba li'l, Péyi'n dwé kiyès ki ba'l lwi'l
Yon montré'n kont lòt, pilé'n kon plòt, éliminé ti rès ki pa fil
S'on késyon de koulwa (koulwa), n'ap batay pou pouvwa (pouvwa)
Si'w gen kòb sé Rwa antre nan shòp ak ke pozé pou'w di VANN MWEN
_________________________________________________________

HOOK
CHORAL

Vann mwen
3 Dépité k'chita k'ap radoté
Vann mwen
3 Sénatè pou lwa'm yo ka Voté
Vann mwen
3 boss Minist pou lajan'm yo antré
Vann mwen
3 Majistra, 3 Polisyé, nou gen twop pwoblèm
woy, woy, pwoblèm nan peyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
woy, woy, pwoblem nan Péyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
________________________________________________________

COUPLET 3
SQUADY

Nou potré yon bann ti chien, sa yo ba'n sé sa yo jété ban'n
Nou kontanté'n pou'n di'n pa jwenn manman nou tété grann
Dezaméman pa vlé di selman jété gun
La Santé pa vlé di selman poté dlo trété ban'n

olyé n'bat pou'n volè
pito nou bat pou'n dyòlè
Travay ap pi bien fèt si nou tout invésti san'n
Se Péyi a ki pa'n so n'ap pran panne si'n pa sipann di VAN MWEN

_________________________________________________________

HOOK
CHORAL

Vann mwen
3 Dépité k'chita k'ap radoté
Vann mwen
3 Sénatè pou lwa'm yo ka Voté
Vann mwen
3 boss Minist pou lajan'm yo antré
Vann mwen
3 Majistra, 3 Polisyé, nou gen twop pwoblèm
woy, woy, pwoblèm nan peyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
woy, woy, pwoblem nan Péyi mwen
pwoblèm nan Péyi mwen, twop pwoblèm nan Péyi mwen
________________________________________________________

FAMILY SENCI
C-PROJECTS
CODIO SOUND STUDIO

http://www.familysenci.com

Close