View Lyrics: Pa tann li ale Modal close icon

Viewing lyrics for Pa tann li ale by Up2dateproduction.

Pa Tann Li ale

Intro
(Baky) Yon manman vo plis ke tout sa wap k bali
se vre ke pa gen anyen map ka baw kap ka ranplase tout saw fe pou mwen
men ak vwam mvle montrew konbyenw enpotan pou mwen
Bridge
(Ranko) M' pa konn kisa pou m' ta ofri ou
Lanmou ban owen manman vo plis ke pri ou

Duo
(Bibi) se pou tet sa nou reyini nou
pou nou ka diw mesi
menm le n' konnen sa pa sufi

(Pedro) tristes manman se ak yon chay li makonnen en
domaj si l' pa diw zafe pa l' ou pap konnen en

Duo
(Marythza ) malgré tout sak passe
destinasyon l' pou pitit li pou l' bouske

Verse I (BG)

manman m' se baton vyeyes mwen
fanm sa pap janm lache m'
men m' le m fe dezod tan pou l' kale m'
li pito kache m'
pou li m pre pou m' fe tout sa k' bon
l'aprann mwen kwe nan sa k' bon
m'ap pwofite ba l' love
menm le l' te rich menm le l' te pov
ti bizou toutan , pafwa
m konn rele l' tata, oubyen love
ti manmi cheri sel ou m' konfye
ave w' mwen pap chov
ti kras lanmou sa pa li w' merite
manman m renmen w' an verite
manman w' se fos mwen
cheri w' met trust mwen

Refrain
Pa tann li ale, pou se le sa w'ap kriye
Toutotan l'egziste lanmou paw li merite
pa tann li ale
pa tann li ale e e e e e e (x2)

Verse II (DiMonly)

sak pi inpotan se pa tann li ale
ou regret ou pat dil mesi
absans li pral frape w'
se le ou we mesye lanmo jus teks li
pa tann li ale pou w' di l' je t'aime
fe l' avan li ale, kobiya annik pase
san poze kesyon pou konn siw pare
m' pap bliye pou mwen, panyen sou tet
nan ren l' ou tabliye
pou m' ka konn li
mesi avan w' ale; se pitit ou DiMonly

Bridge
(B.Mster)
mize ou andure
pwouve m' ou tre laboryez
nan vi pam ou son w' fi, pou mwen
k'ap toujou gloriyez
ou mérite love
man man m'ap bow love

(Piche) pita pi tris ekzistans ou mérite love plis

(Pedro) m' pap tann ou ale apre pou m' di rest and peace

(Piche) siw ta ale san m pa fe bone w'
nan kem sa ap kite yon gwo sikatris

(Pedro) (…..men manman m' tololo, nan dyakout la li pote mango)
manman m' toujou di m' Pedro
pou li m' se pi gwo kado
e l' toujou pre pou l' monte lesyel pa do
se sak fe l' pa kye,
pou l mache pye ate
weeee; bat dlo pou l' fe be
ranter ta soti bone

Duo
(……..) pou doule ou andire pou mwen
malgré dure sa te pran ou pat janm bougonnen

(Keke) sel fanm ki pap trayi m'
a fot rezon m' ka di a li m' konfye vi m'

Verse III (BSG)

anvlope m' pandan nef mwa
puis aide m' jusqu'à ce mois
Guerda . . . . . .
m' t'ap trouve m' trè ingra
pou m pata swete w' yon bonne fete
yeah!!!! âpre tout cas têt
ou fin redi pase pou mwen
e kwem w'ap ret nan coeur mwen

Bridge

(Ranko) m' pa geb lajan pou m ta ofri ou
anpil mesi ak love m' ta vle ba wou
lanmou m'ap fleri pou ou
jodi a se fet ou
manman . . . . .

Vers IV (B. Wade)

poto mitan kay
ki konn doule tout zantray
ninpot jan sa ye
manman se yo k' toujou nan kay
se pa tann le l' ale nan viw
pou we kisa l te vo
pa tann li ale nan vi w'
pou fe l' santi tout sa ke l' vo

Bridge (chorus)
manman, manman an an an an
m' mande w' padon, pou jouman an an an an
jodi a se fet ou
pitit ou pral fe bel fer pou ou ou ou ou

Verse V (Dawoud)

se pa le l' ale
pou vin we vid li te komble
pa tann li ale (pou we l')
pwouve l' ke san li ou pa ekziste
koute l' e devan l' fow dwat san panche
man gade,
al di l' je t'aime avan ti tan ou pase

(P.ter) li te tout saw posede
lel te anko vivan
men kounya gade l' desede
koz ou pedi gou vi yan

verse VI (BaCeFa)

pa konsevwa w' lach
men devan l' devwaw' se toujou tet bese
pou ou li pa pe pot vye tach
a koz li genyen w' pou l' berse
m ret kwe se mechan sa
tan pou cheri l w'ap gade l' k'ap soufri
manman men chan sa
pran l' kom kado menm le se pa sufi

Bridge (Robed)
kwe mwen manman
m pa gen lot fason
pou mwen mande w' padon
pou tout sa m' fe w' ki pa bon
manman m' damou w'
sa m' t'ap fe san ou
e m'ap pwomet ou avan w' ale
m'ap few viv been en en en

Refrain

Bridge (chorus)
manman, manman an an an an
m' mande w' padon, pou jouman an an an an
jodi a se fet ou
pitit ou pral fe bel fer pou ou ou ou ou

Hook Fow pa tann (x2)
li ale
jodi a se fet ou
pitit ou pral fe bel fer pou ou ou ou ..

Close