View Lyrics: Obsesyonm ogmante chak jou Modal_close_icon

Viewing lyrics for Obsesyonm ogmante chak jou by KOWKOW.


Gen de moun ki di mwen fou
gen de moun ki di mwen sou
sansyèlman ou fè'm kagou
lè'n ansanm pagen grangou
ou nouri'm ak sak pi dous
tankou dlo ki sot nan sous
ou soule'm ak vrè lanmou
m'admire'w, jis mwen damou
e'm pate kwè asye konn mou
konnya tout panse'm se ou
lonbraj ou pouswiv mwen patou
ma'p fe lwanj pou jan ou dou


obsesyon'm ogmanta chake jou
trop santiman fè'm fe jalou
epoutan nou se planch ak klou
lè'm nan ou, m santi'm nan glou
pa pouse'm, m vle ba'w tout
m'pap blese'w, m'ap jis ba'w bout
fèmen zye'w, kite'm kondwi'w
ouvri lespri'w pou'm ka enstri'w
pa zongle ko'm pou'm pagen louk
ahh, gad n kijon lanmou malouk

REFREN))))))

si lanmou ta tchwipe m on jou,
map tire roch tankou moun fou,
Sèl lanmouw ki ka fèm grangou
obsesyon'm ogmante a chake jou ))))


Dèfwa la vi a maltrete'n tankou pantouf
men ak lanmou menm labou konn pran souf
toujou gon ti siret ki fè'm fè wouch
pasyon sa menm fè lang niche bouch

lanmou sa menm vin abite nan kwen kou'm
li jwe nan kem kon on timoun ka bat dou'm
sansasyon sa pot vibrasyon sou tanbou'm
tout ti zwazo yo vin fete nan lakou'm

vye jalouzi ka fè nenpot kè viv ak dout
lè pagen konprann, moun damou fann 2 bout
kite m di m renmen w paske lavi sa vrèman kout
yon bon skout pap kite yon lot pèdi nan wout

ann chita pale pou la hèn pa nwaye nanm nou
ann pa di sak pa bon pou n pa regrèt tèt nou
si pat gen lannwit patap janm genyen jou
Ki sans lanmou tap gen si pat genyen ou
se menm jan, m patap mwen san ekzistans ou
esans ou se sak vin ba lavim bon gou
ti souriw ranfose m ak vitamin chak jou


REFREN))))))

si lanmou ta tchwipe m on jou,
map tire roch tankou moun fou,
Sèl lanmouw ki ka fèm grangou
obsesyon'm ogmante a chake jou ))))


Cheri imajine'n kap fè yon ti dezod ekzotik
2 zye'n femen, nap pale bèl ti pawol erotik
nap monte, nap desann, nan mitan'n fon mastik
ti karol ou bien sikre, epi foumi'm ap brote sik


REFREN))))))

si lanmou ta tchwipe m on jou,
map tire roch tankou moun fou,
Sèl lanmouw ki ka fèm grangou
obsesyon'm ogmante a chake jou ))))








WRITTEN BY RELE ANMWE
RAP BY K.O.W
PRODUCE BY BLACK MP WELL